Albert Einstein
From Wikipedia, the free encyclopedia
Remove ads
Albert Einstein se yon gran syantis. Daye, nan echèl intelektyel mond lan, li konsidere tankou yon eleman ki arive ale tet. Li se yon jwif alman ki fe yon revolisyon nan mond syantifik la. Revolisyon misye ya gen pou li we ak syans fizik la kote li montre teyori gravitasyonèl Newton lan pa vreman reponn ak tout fènomèn dinamik yo. Par ekzanp, te gen yon iregilarite nan obit planèt Mekiri teyori gravitasyonel Newton lan pa ka esplike. Newton te panse tan ak espas invaryab, setadi yo pa chanje, yo absoli. Einstein demontre lè yon objè ap kouri pre vitès limyè a, tan ak espas chanje nan yon sans yo sibi yon kontraksyon. Setadi tan ak espas vin pi piti pou evite yon objè arive depase vitès limyè a.
Daprè teori relativis Einstein lan, vitès limyè se 300,000 mèt pa segon, se pi gwò vitès ki ka egziste nan lanati a. Li enpòtan pou klarifye vites limyè a se pa vitès limye liye sèlman, men vitès tout ond elektromagnetik yo tankou enfrawouj, iltravyole, ond radyo ak latriye. Ki sa ond elektwomanyetik yo ye? Teyori Maxwell la ki te marye elektrisite ak manyetis te prevwa egzistans ond manyetik sa yo. Ond manyetik se ond ki pwodi yon patikil chaje (ki gen chaj pozitiv ou negativ) sibi yon akselerasyon (nan ka sa akselerasyon vle di yon chanjman nan vitès inisyal ou nan direksyon inisyal patikil la).
Teyori Eintein lan, kote ke li demontre matematikman konstansi vites limyè a, yo rele teori sa a teyori espesyal relativite. Konstansi vitès limyè sinifi vle di vitès limyè a, li endepandan eta mouvman moun ki kenbe yon sou limyè, akselerasyon sou limyè a pa gen okin efe reziltan sou vitès limyè ya. par egzanp, si mwen pa kouri ou menm wap mache, eke nou chak gen yon flash nan men nou, vitès yo mezire pou reyon limyè kap soti nan lanp ou wa ap menm bagay ak sa yo mezire pou sa kap soti nan lanp mwen ya-- yon fenomen ki defye lwa mekanik Newton ki prevwa vites dwe aji selon lwa aljèb vektoryèl yo. Setadi, vitès limyè nan ka moun lan ap kouri ya ta dwe plis ke nan ka moun ka mache ya. Yon fizisis ki rele Michelson fè yon eksperyans syantifik, li wè Einstein gen rezon ak Newton te fè erè nan konseptyalizasyon teyori mekanik li a. Sak fè teyori Newton lan travay byen se paske tolerans erè ya neglijab le yon obje gen vites ki piti relativ ak vitès limyè, ak laje obje ya pa two piti. Lè kondisyon sa yo chanje, teyori Newton lan inaplikab -- nan ka kote vitès yon objè pre vitès limyè (fizik relativis la sèlman ki ka esplike fenonmen lan byen) ou kote ke laje yon objè piti anpil (se fizik kantik lan ki ka rezoud pwoblèm la). Se sak fè nan zafe radyoloji, teyori Newton lan pa plike, men se sa yo rele kwatom mekanik ki aplike, teyori ke ti mesye tankou Niels Bohr, Planck, Heisenberg ak Schrodinger te devlope pou eskplike fenenon sibatomik yo.
Yon konsekans teyori espesyal relativite seke matyè ak enèji se vesyon de menm bagay la ko yo ye, yon dekouvèt Eisntein senbolize nan ekwasyon famèz ke fo moun sou late rekonet ki se E = mc2 ---- kote E reprezante enèji ki asosye ak yon kantite matye M, ak C reprezante vitès limyè a.
Sak kore plas preyiminan Einstein se pa teyori espesyal relativite ya paske gen evidans ki demontre matematisyen franse Henri Poincaré te pre pou arive ak teyori espesyal relativite, men plito teori jeneral gravitasyonel la. nan teori sa ki se teyori ki anglobe tout ide syantifik Einstein nou rekonèt jodi a, Eistein demontre nan yon fason injenyèz ke gravite se yon distosyon nan estrikti espas ak tan. nan teori sa, einstein di ke gravite se komsi matyè se yon boul ki kreye yon efondman nan espas. se komsi ou plase yon boul nan mitan yon twal elastik ke ou te itilize pou bouche yon bokal. le ou plase boul sa nan mitan twal plastik la, ap gen yon efondman, se efondman sa ke nou enteprete kom yon afe gravitasyonèl. men analoji ya: paske boul sa ap kreye yon efe toubiyon nan twal elastik sa, si ou plase yon lòt ti mab arebo bou la, ti mab sa ap fe yon toubiyon anba jiska ke li toushe boul la. Nan teyori relastivis gwo met syantifik sa, se pwose dynamik sa ke nou inteprete kom gravite. Gravite a se fòs rale mennen vini ki egziste ant tout obje ki konpoze matyè; setadi bagay ki gen mas ak okipe espas. Youn nan prediksyon teori relativis Einstein lan seke, fos gravisyonèl yon etwal nan syèl la dwe sifizan ase pou koube yon reyon limyè de yon lòt etwal elwanye.
Envestigasyon Hubble teleskop pwouve sa fèt vre, yon obsevasyon ki prouve validite teyori Einstein lan.
- Einstein nan lane 1921 ba F Schmutzer
- Einstein e Robert Oppenheimer, anviwon 1950
Remove ads
Rekonpans
Referans
Lyen deyò
Wikiwand - on
Seamless Wikipedia browsing. On steroids.
Remove ads
