Alexandre Pétion

premye prezidan Repiblik Ayiti From Wikipedia, the free encyclopedia

Alexandre Pétion
Remove ads

Alexandre Sabès, yo rele li Alexandre Pétion, fèt 2 avril 1770 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri 29 mas 1818, se te yon sòlda ak yon lidè ayisyen. Li te goumen pandan revolisyon ayisyèn nan (1791-1804), anba kòmandman jeneral André Rigaud. Avèk Louverture, Dessalines ak Christophe, yo rekonèt li kòm youn nan "pè fondatè" Ayiti.

Plis enfomasyon Fonksyon, Diktatè Ayiti a (Sid) ...

Pitit yon gwo kolon franse ki rich ak yon milatès, yo voye li ale Lafrans an 1788 pou al etidye nan Akademi Militè nan Pari. Pandan lagè endepandans lan, li mete tèt li ak pati “milat” jeneral Rigaud kont jeneral Toussaint Louverture, sa ki mennen li patisipe nan Lagè Kouto a. Apre defèt la, li ale an ekzil epi li mete tèt li ak franse yo. Pandan ekspedisyon Sen Domeng lan, li retounen Ayiti epi li konbat bò kote franse yo kont Louverture. Apre defèt franse yo, li mete tèt li ak endepandantis yo, li rasanble ak gouvènè jeneral Jean-Jacques Dessalines, ki pwoklame endepandans Ayiti an 1804, anvan li vin anperè ak non Jacques I, epi li tabli yon monachi elektif. Anba Anpi a, Pétion se te youn nan moun ki pi pre anperè a, youn nan pi gwo kolaboratè li yo, epi li te manm konsèy deta a.

An 1806, li se youn nan moun ki te dèyè konplo ki te fèt kont Dessalines, ki mennen lanmò li. Avèk jeneral Henri Christophe, Pétion lite pou siksesyon Anpi a, sa ki mennen nan divizyon peyi a an de. Nan Nò, Christophe tabli yon rejim otoritè kote li vin dikta epi apre sa wa; tandiske nan Sid, Pétion fè adopte yon nouvo konstitisyon nan Pòtoprens epi li pwoklame repiblik la. Rivalite ant de mesye sa yo lakoz peyi a divize rapidman, epi Pétion vin eli ofisyèlman kòm prezidan Repiblik la an 1807.

Yo reyeli li de fwa, epi apre 1815, li deside reyòganize Sena a, li te mete sou kote pandan kriz yo. An echanj, Sena a vote pou bay prezidan an pouvwa espesyal, anvan li chanje konstitisyon an 6 fevriye 1816. Asanble revizyon an reyini epi li apwouve nouvo tèks konstitisyonèl la 2 jen 1816, ki enspire de ansyen konstitisyon anperyal 1805 la ak yon monachi elektif. Sa fè Pétion, li menm tou, tounen yon diktatè pou tout lavi ak tit "Altes Sérénissime" epi li vin chèf siprèm lame a, ak dwa pou nonmen siksesè li. Lè li mouri an 1818, “dofin” li te chwazi a, jeneral Jean-Pierre Boyer, pran plas li epi li reyini Ayiti anba otorite pa li.

Remove ads

Biyografi

Pétion fèt nan Pòtoprens. Li te timoun de yon negrès nwa ak de yon blan fransè. Yo te voye li nan peyi Lafrans nan lane 1788 pou li etidye nan "Akademi militè" nan Pari. Lè li tounnen an Ayiti, li te patisipe nan ekspilsyon britanik yo (1798-1799). Li te pran pa André Rigaud, chèf moun koulè lib, kont Toussaint Louverture pandan Lagè a kouto, ki kòmanse jen 1799. Nan mwa novanm, faksyon milat te bloke nan pò enpòtan nan Jakmèl, sou kote meridyonal. Se Pétion ki pran tèt batay la ; Jean-Jacques Dessalines dirije aso a. Chit Jacmel la, mas 1800, revòlt la te fini epi Pétion ak kèk lòt dirijan te egzile an Frans[1].

An fevriye 1802, li rentounen Sen domeng avèk Jean-Pierre Boyer, Rigaud, ak yon lame ki gen 12 000 Fransè sou kòmand Charles Leclerc, bòfrè de Napoléon Bonaparte. Apre trayizon ki fè l livre Toussaint nan men fransè yo, Pétion pase fòs nasyonalis yo nan rizib nan Oktòb 1802 (daprè konferans sekrè ki te fèt nan Akayè) epi li kore Dessalines. Jeneral Clairveaux se premye adjwen Pétion nan epòk sa. Fòs lame fransè a te pèdi 18 novanm pandan batay ki te fèt Vètyè, epi Ayiti vin yon Repiblik endepandan 1e janvye 1804. Dessalines tou vin Prezidan a vi , apre li vin kouwòne kòm Anperè 6 oktòb 1804.

Pétion te pami moun ki te pou asasina Anperè a an oktòb 1806, apre sa li tap revandike demokrasi liberal kont Henri Christophe. Christophe, eli prezidan, li kite Sena ke Pétion t ap kontwole a, sa vin fè peyi a te vin divize an 2 Leta. Sena a te vin pat rekonèt Christophe ankò kòm prezidan, mete Pétion nan plas li a. Gè sila a kontinye jiska 1810 – Christophe t'ap kontwole ( kote moun yo pat twò pou ti nèg nwè) tandiske Pétion rete nan Sid (kote ki te plen moun nwa).

Rekonesan anvè peyizan yo (ansyen esklav yo) pou vin posede bout tè pa yo, Pétion sezi plantasyon yo pandan l separe yo ant patizan l yo ak pèp la. Zak sila fè jiskounya yap fè lwanj pou li kòm Papa Bon-Kè. Poutan ekonomi peyi a, ki te fonde sou eksplwatasyon sik ak kafe, sa ki te fòs ekonomi an ak Agrikilti sibzistans[2].

Li mete yon lise ki rele lise Pétion nan Pòtoprens. An 1815, Pétion bay Simón Bolívar azil (ke yo te kouri dèyè l Venezyela) epi li ba li materyèl pou l kontinye batay liberatè li tap mennen an. Kanpay Bolívar la se te pou pèmèt tout esklav yo jwenn libète epi viv byen tout kote.

An prensip patizan demokrasi konstitisyonèl, Pétion pat toujou respekte kontrent ke Sena a te enpoze li yo. Nan sans sa, an 1816 li pwoklame tèt li kòm Prezidan pou toutan gen tan. An 1818 li retire palman an nèt.

Pétion te gen yon fyèv jòn li mouri an 1818. Pwoteje li Jean-Pierre Boyer ranplase li.

Remove ads

Referans

Lyen deyò

Loading related searches...

Wikiwand - on

Seamless Wikipedia browsing. On steroids.

Remove ads