Mango

fwi From Wikipedia, the free encyclopedia

Mango
Remove ads

Mango se yon fwi ki donnen nan peyi twopikal (kote ki fè cho pandan prèske tout ane a).

Thumb
Mango
Thumb
Mango
Thumb
Mango yo

Koulè po li ka jòn, wouj oubyen vèt. Sa depann nan ki faz li ye epitou ki tip mango li ye. Se yon fwi ki gen anpil chè koulè jònabriko. Ou jwenn anpil ji nan mango, epi ji li gen anpil fib ki chaje vitamin C ladann.

Nan peyi Ayiti genyen plizyè kalite mango, egzanp : mango fransik, mango Koure, mango janmari, mango Avril, mango batis, mango miska, mango laksann, mango blan, mango gap, mango won, mango porèd, mango gèp, mango tiklo, mango pennsik, mango Ken, mango fil, mango Jeremi, mango Mika, mango labich ak anpil lòt kalite mango toujou.

An jeneral genyen 36 kalite mango anviwon.

Pou sa ki konsène vitamin, mango genyen vitamin A.

Remove ads

Itilizasyon

Alimantasyon

Yo kapab fè plizyè bagay avèk mango ː yo fè jele, yo fè piwili, yo fè ji avèk li ak anpil lòt bagay ankò.

Nitrisyon

Plis enfomasyon Valè nitrisyonèl pou chak 100 g, Enèji ...
Remove ads

Referans

Lyen deyò

Loading related searches...

Wikiwand - on

Seamless Wikipedia browsing. On steroids.

Remove ads