Lang kreyòl
From Wikipedia, the free encyclopedia
Yon lang kreyòl[1] se yon lang natirèl ki vin fèt lè ou melanje plizyè lang pou yo vin fè yonn, nan yon ti kras tan, ak yon gramè fasil.[2] Anpil fwa, se yon lang pidjin ki vin tounen yon lang apa. Konsèp lang kreyòl ta vle sanble ak konsèpt lang melanje oswa lang miks yo, epoutan, yo pa menm. Men poukisa yo pa menm ː[3]
- Gramè lang kreyòl yo estab, gramè a byen tabli, byen chita.
- Lang kreyòl yo gen yon bann ak yon pakèt mo vokabilè, yon leksik ki byen chita.
- Lang kreyòl se yon seri de lang ki pase soti nan manman ak papa desann bay pitit, apre sa pitit-pitit elatriye. Se premye lang yo aprann pale.[4]
Nou pa konnen konbyen lang kreyòl egzak ki egziste nan mond lan. Men depi ane 1500 yo, genyen plis pase 100 lang kreyòl vin fèt. Pifò se lang ki fèt ak lang ki soti sou kontinan Eròp yo, tankou lang Angle ak lang franse.[5] Se paske nan peryòd sa, lèzòm te vini ka fè pi bon bato. Lèzòm te vini aprann navige bato plis byen. Sa vini fè ke peyi nan kontinan Eròp yo te nan sa yo rele laj pou eksplorasion oswa Laj pou dekouvri an, ak esklavaj Atlantik.[6] lan, kote yo te ka ale lòt bò dlo pou vann oswa achte machandiz. Pou yo te ka fè komès ak moun ki pa pale menm lang ak yo, yo te vini fè yon lang ki plis fasil, plis senp pou yo kominike. Lang sa yo, yo rele yo pidjin, yo sanble ak konsèp lang melanje yo. Men lè yo vini tabli, lè yo byen chita, lè yo stab, yo vin bay kategori lang kreyòl yo. Se pa sèl lang peyi sou kontinan Ewòp la ki fè lang kreyòl. Pou nou pran egzanp, genyen kreyòl ki fèt ak lang arab ak lang chinwaz. Jounen jodi a, se kreyòl Ayiti a ki gen plis moun ki pale. Se plis pase 10 milyon moun ki pale li, epi se premye lang yo aprann pale.[7]