Hamilton Garoute

From Wikipedia, the free encyclopedia

Remove ads

Hamilton Garoute, ki fèt 12 janvye 1920 nan Jeremi (Ayiti) epi ki mouri an 1963, se yon powèt ayisyen.

Bagay rapid yo Nesans, Lanmò ...

Biyografi

Hamilton Garoute se youn nan powèt sireyalis yo.

Li fè etid klasik li jiska bakaloreya nan Jeremi. Nan mwa janvye 1939, li te antre nan Akademi Militè Ayiti a epi yo te resevwa li kòm yon ofisye nan mwa jiyè 1941. Li te pase pifò nan karyè li nan pwovens yo.

Li marye Odette Paret. Yo te gen de (2) pitit gason : Robert ak Hans.

An 1945, Hamilton Garoute te pibliye yon ti liv vè lib, Jets lucides, prefas pa zanmi anfans li ak kondisip klas Paul Laraque.

Kolonèl ak manm Gwo Kòmandman Fòs Lame Dayiti, li te pran retrèt nan mwa novanm 1960, pandan grèv etidyan an kont gouvènman François Duvalier. Yo te arete li an 1963, depi li te disparèt.

Pwezi li se lanmou, kòlè, tandrès, ak limanite. Li te apresye pou senserite li. Li aprann nou goumen kont laperèz, kont vyolans ak enjistis.[1]

Remove ads

Zèv li yo

  • 1945 : Jets lucides, Pòtoprens : edisyon Presses Nationales d'Haïti, (koleksyon l'Intemporel, Poesie), 2005. Paperback. 56 paj, (ISBN 999-3537217)
  • 1963 : Correspondances, revi Optiques

Referans

Lyen deyò

Loading related searches...

Wikiwand - on

Seamless Wikipedia browsing. On steroids.

Remove ads