Pwotis

From Wikipedia, the free encyclopedia

Pwotis
Remove ads

Pwotis se yon kantite varyete òganis. Pwotis se yon òganis ekaryotik ki gen youn oswa plizyè selil ki ka tankou plant, zannimo oswa chanpiyon.[1]

Thumb
Paramecium aurelia

Tout pwotis yo gen nwayo. Gen kèk pwotis ki genyen yon sèl selil, gen lòt ki genyen plizyè selil. Gen pwotis animal, gen lòt ki vejetal. Wayòm pwotis se wayòm klasifikasyon pou ògànism ki pa kab klase nan lòt wayom detèmine.

Pwotis vejetal yo rele alg. Pwotis animal yo rele pwotozoè. Egzanp pwotozoè yo se amebe ak paramesi. Pifò pwotozoè viv nan dlo; yo manje bakteri, plankton oswa lòt matyè ògànik. Antouka, gen plizyè maladi ki tonbe sou moun, se pwotozoè yo ki lakòz. [2]

Pwotis yo koze anpil maladi yo.

Remove ads

Referans

Lyen deyò

Loading related searches...

Wikiwand - on

Seamless Wikipedia browsing. On steroids.

Remove ads