Wyclef Jean
chantè,rapè,gitaris,prodiktè epi aktè Ayisyen From Wikipedia, the free encyclopedia
Remove ads
Nelust Wyclef Jeanelle Jean, yo rele Klèf, se youn nan mizisyen, atis, pwodiktè, rapè ayisyen ki pi popilè nan lemonn. Wyclef Jean, ki fèt 17 oktòb 1969, nan Kwadèboukè, Ayiti, li se yon chantè tou. Lè l gen nevan , li te demenaje ak fanmi li Ozetazini epi an 1994 li te vin yon manm gwoup Fugees la. Jean te genyen yon total twa prim Grammy pou travay mizikal li yo. Li vann yon total 31 milyon albòm.
Li te konsakre tèt li pou peyi natif natal l,i lè li te lanse Fondasyon Wyclef Jean. Li te fonde tou yon òganizasyon ki rele Yéle Haïti an 2005. Li te envite Angelina Jolie ak Brad Pitt pou selebre anivèsè òganizasyon an.
Remove ads
Biyografi
Nelust Wyclef Jean te fèt nan Kwadèboukè, yon katye nan Pòtoprens. Li gen orijin Ayisyèn, epi li se pitit gason yon pastè. Jean site non mizisyen rege Bigga Haitian kòm premye enfliyans mizikal li, ansanm ak MC Tiger Paw Raw ak pwodiktè Lobster v. Crab. Wyclef Jean te emigre Ozetazini a laj de nevan, epi li te demenaje nan katye Brouklin nan vil Nouyòk pou l viv ak fanmi li. La, li te rankontre Pras Michel, ki te vin pi bon zanmi anfans li, epi yo te menm rele tèt yo kouzen. Li t al etidye nan nò Nou Jèze , kote li te kòmanse jwe gita epi li te etidye djaz nan lekòl segondè. Jean te viv nan Saddle River, South Orange, epi pita nan North Caldwell. An 2009, Jean te enskri nan Berklee College of Music.
Nan lane 1994, li te marye ak Marie Claudinette Pierre. An 2005, koup la te adopte yon pitit fi yo te rele Angelina Claudinelle Jean. Koup la te renouvle ve yo nan mwa dawou 2009.
Nan dat 20 mas 2011, pandan l t ap vizite Ayiti pou sipòte kandida Michel Martelly nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl yo nan Pòtoprens, li te blese yon ti kras nan men dwat li pandan yon fiziyad lè anpe nèg ame te tire sou machin li te ladan l lan. Rapè Busta Rhymes ak pwodiktè Jimmy Rosemond te nan machin nan tou men yo pa t blese. Sepandan, lapolis rapòte ke Wyclef do rive blese akòz zenglen vè k t ap vòltije.
An 2012, Wyclef Jean te pibliye memwa li, Objektif: Istwa yon imigran. Liv la, ki mennen l nan boulvèsman imigrasyon an, dekri avèk detay ki pot doulè, sou istwa anfans li an Ayiti, rive jis nan monte li sou sèn mizik ameriken an. Wyclef dekri anfans li an Ayiti kòm yon anfans tèlman pòv ke li te manje pousyè tè. Daprè Haitian Times, Purpose konsidere kòm youn nan dis pi bon lekti pou Ayisyen Ameriken yo.
Karyè l ak gwoup Fougees
An 1989, Pras Michel ak Wyclef Jean te vle anrejistre yon albòm, men yo pa t konnen pèsonn nan endistri mizik la. Sepandan, Pras te konnen yon moun ki gen papa l, e ke papa zanmi sa a, pa lòt ke Ronald Khalis Bell, pwodiktè, mizisyen, ak manm fondatè Kool & the Gang. Pras te mande l èd. Ronald Khalis Bell te dakò epi li te kòmanse travay avèk yo, li te repete nan yon estidyo nan New Jersey. Yon ti tan apre, Pras te prezante Wyclef Jean ak Ronald Khalis Bell bay Lauryn Hill, yon zanmi lekòl. Khalis te ankouraje yo pou yo fòme yon gwoup. Yo te kreye The Translators an 1989 – pafwa yo rele yo The Tranzlator Crew, men non sa a, yo te bay tèt yo pi devan, se pa t non gwoup la te konn jwe anba li nan moman sa a. An 1994, nan lavèy lansman premye albòm yo a, The Translators te oblije chanje non yo pou evite konfizyon oswa konfli ak yon lòt gwoup ki te pote menm non an. Aprè sa, yo te vin rele gwoup la Fugees,m. Nan lane 1994, yo te anrejistre premye albòm yo k te rele Blunted on Reality, men li pat yon sikse komèsyal. Men 1 fevriye 1996, yo ta pral dezyèm albòm yo,ki te gen pou tit The Score ki te fè yon kokennchenn siksè , epi yo te vann plis pase 17 milyon kopi albòm sa a nan tout mond la, epi twa manm gwoup la te vin popilè nan tout mond la. Aprè sa, Jean te anonse ke li ta pral kòmanse yon karye solo.
Premye albòm li te rele Wyclef Jean Presents the Carnival Featuring the Refugee All-Stars. Sou CD sa, li te chante kat chanson an Kreyòl, epi tout mond la te vin kòmanse fè konesans ak mizik ayisyèn nan. Aprè sa, Jean fè senk lòt plak: The Ecleftic: 2 Sides II a Book (2000), Masquerade (2002), The Preacher's Son (2003), e Sak Pasé Presents: Welcome To Haïti (Creole 101) (2004) kon Admiral T.
Karyè solo
Pandan ane 1998 la, li te kontribye nan albòm *Chef Aid: The South Park Album* . An 1999, li te ekri chante "My Love Is Your Love" pou Whitney Houston.
An 2004, li te pibliye albòm li *Welcome to Haiti: Creole 101*, ki te gen ladan l chante "Fanm Kreyol" an kolaborasyon avèk Admiral T ak "24 heures à vivre" avèk gwoup Muzion an. Li te parèt tou sou albòm Muzion *Mozaik Kreyol* la sou chante "Secret Lover" la. An 2005, li te pataje vwa ak Shakira sou youn nan pi gwo siksè li yo, "Hips Don't Lie," ki te vin tounen youn nan mizik ki te pi koute nan ete 2006 la. Epitou an 2006, pou ede imigran latino Ozetazini, Wyclef Jean te anrejistre "Nuestro Himno," yon vèsyon panyòl im nasyonal ameriken an "The Star-Spangled Banner," ak Pitbull, Carlos Ponce, Olga Tañón, Ivy Queen, Andy Andy, Autoridad de la Sierra, Aventura & Rayito, Kalimba, LDA, Tony Sunshine, Patrulla 81, Frank Reyes, Gloria Trevi, Yamayea, N'Klabe, Reik, ak Kany. Menm ane sa a, li te parèt nan dokimantè mizik Michel Gondry a, *Dave Chappelle's Block Party*, kote ansyen gwoup li a, The Fugees, te reyini sou yon sèn nan Brooklyn uit ane apre separasyon yo. Nan dat 11 Jiyè 2009, li te patisipe nan yon sèl konsè an Ewòp nan Festival Jazz Montreux an Swis.
An 2010, apre tranblemanntè devastatè an Ayiti a, Wyclef Jean te fè apèl pou donasyon sou blòg li ak kont Twitter li epi li te patisipe nan anrejistreman "We are the world 25 pou Ayiti." Li te kreye ONG Yéle Haïti, ki te gen pou objektif ede moun ki pi vilnerab yo. Depi 2014, yo te akize l de detounman lajan ONG a, sitou pou enterè pèsonèl li. Nan dat 5 dawou 2010, Wyclef Jean te anonse kandidati li pou eleksyon prezidansyèl ki t ap fèt an Ayiti. Sepandan, Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an ta pral rejte kandidati sila akòz nan peyi li ye a. Li te deside fè apèl kont desizyon sa a aprè sa.
Nan mwa janvye 2017, Wyclef te anonse ke albòm li a, J'ouvert, t ap soti nan dat 3 fevriye 2017. Nan dat 2 fevriye 2017, Wyclef te pibliye nouvo single li a "Ne me quitte pas" an fransè, ki te tou nan albòm deluxe J'ouvert li a. Albòm nan te sòti epi li te rive nan nimewo 117 sou Billboard 200 la ak nimewo 50 sou tablo Canadian Hot Albums la. Kat lòt single te soti nan albòm nan: "Life Matters," "The Ring," "Holding on the Edge," ak "Little Things." Nan dat 9 jen, Wyclef te anonse sou Instagram li ke Carnival III: The Fall and Rise of a Refugee t ap disponib pou pre-kòmann nan dat 22 jen 2017. E 17 me k sot pase a, li te patisipe sou yon pwojè ak Chris Brown[1] ki gen pou tit « Mercy Call ». Nan mwa jiyè 2025 ki sot pase la, chantè a te anonse lansman yon nouvo albòm ki pral sòti pa twò lontan, ansanm ak kolaborasyon plizyè gwo atis ameriken, tankou Dave Chappelle. Li te fè anons sa a 10 jiyè, nan okazyon nominasyon li kòm nouvo anbasadè òganizasyon "Global Citizen Now" la. Pou mwa oktòb 2025 lan tou, li deside sòti yon lòt bèl trak ki gen pou tit « Back from Abu Dhabi » an kolaborasyon ak de gwo lejand nan mizik hip-hop ameriken an : Rick Ross ak French Montana.
Remove ads
Zèv li yo
Òganizasyon
YELE pou Ayiti
Pwogram YELE pou AYITI
- YéleFest
- Falla Boucan
- Primary School Scholarships
- Help Haiti
- Food Distribution
- School Rebuilding
- Teacher Training
- L’Athlétique d’Haiti
- Computer Lab
- University School
- Pwojè Lari Pwòp
- Child Soldier Program
- Hip Hop An Sante
- École Verte
- Yele Cinema
- Youth Soccer Program
- Yele Cuisine
- Radio Distribution
Diskografi
- 1997 : Wyclef Jean Presents the Carnival, featuring the Refugee All-Stars
- 2000 ː The Ecleftic: 2 Sides II a Book
- 2002 ː Masquerade
- 2003 ː The Preacher's Son
- 2004 ː Sak Pase Presents: Creole 101 (Welcome to Haiti)
- 2007 ː Memwa a on imigran Carnival Vol. II: Memoirs of an Immigrant
- 2025: Mercy Call feat Chris Brown
- 2025: Back From Abu Dhabi feat Rick Ross and French Montana
Fim
- 2001 : Carmen: A Hip Hopera
- 2001 : Shottas : Richie Effs
- 2005 : One Last Thing : Emmett Ducasse
- 2005 : Dirty
- 2005 : Be Cool : li-menm
- 2006 : Full Clip : le narrateur
- 2006 : Dave Chappelle's Block Party : li-menm
- 2007 : Redline
- 2012 : Black November
- 2015 : New York unité spéciale
- 2017 : 1804: The Hidden History of Haiti
Televizyon
Remove ads
Referans
Lyen deyò
Wikiwand - on
Seamless Wikipedia browsing. On steroids.
Remove ads
