Edisyon Floraison

From Wikipedia, the free encyclopedia

Remove ads

Edisyon Floraison se yon mezon edisyon ann Ayiti, ki te kreye an 2018.

Istwa

Edisy Floraison, ki te kreye an 2018 pa yon gwoup jèn Ayisyen ki soti nan divès mache nan peyi a ki rankontre nan kapital la (Pòtoprens). Mezon edisyon an deja pibliye plizyè rekèy powèm ki abòde divès sijè tankou patri a, lanmou, viv ansanm, idantite ayisyèn, elatriye. Li genyen ladan li yon komite lekti ki dwe evalye tèks la e se daprè rapò ak remak komite lekti yo òganize atelye ekriti avèk otè a apre koreksyon tèks la e anvan yo diskite sou kontra a.[1] De (2) premye rekèy powèm pibliye yo : “ Zefele, yon powèm boula ” pa Jean Verdin Jeudi ak “ Vavari ” pa Samuel Clermont, rele Diamant Noir.[2]

Madi 12 fevriye 2019, Tanbou literè ak edisyon Floraison te òganize yon evènman nan Direksyon Nasyonal Liv pou vann-siyati Vavari, rekèy powèm Samuel Clermont ekri.[3]

Edisyon Floraison te patisipe nan fwa literè ann Ayiti tankou Livres en Liberté, Marathon du Livre, Festival Pawoli, Festival entènasyonal literati kreyòl, pami lòt. Yo te envite nan Jeux Dits Pwezi, jedi 5 mas 2020, epi yo te ekspoze tit yo bay lektè Jakmèl yo. Jean Verdin Jeudi, yon jèn powèt, se direktè administratif mezon edisyon sa a ki pibliye ni sou non otè ni sou non piblikatè plizyè kategori zèv.[4]

Nan mwa desanm 2019, youn nan otè mezon edisyon sa a te envite donè 58èm edisyon Livres en Liberté, ki te òganize nan vil Ti Twou de Nip e ki te rankontre jèn ki soti nan plizyè vil nan peyi a. Lòt otè edisyon an te patisipe tankou Handgod Abraham, Christopher A. Jasmin, Jean Verdin Jeudi ak Samuel Clermont akonpaye pa de (2) lòt otè, Jacob Jean Jacques ak Adlyne Bonhomme.[5]

Piblikasyon senk (5) pi bon tèks ki soti nan yon konkou ekip Le Temps Littéraire te òganize nan Edisyon Floraison.[6]

Remove ads

Piblikasyon

Pwezi

  • 2018 : Vavari, Samuel Clermont
  • 2018 : Zefele, Jean Verdin Jeudi
  • 2019 : Ancolie, Christopher A. Jasmin
  • 2019 : Mamòte, Billy Doré
  • 2019 : Anba dra, Handgod Abraham
  • 2019 : Kolye an demon, Frantzley Valbrun
  • 2020 : Poème à l'ombre de la mondialisation, Douglas Zamor
  • 2020 : Limbes qui tremblent suivi de Adlyne de sel et d'eau, Adelson Elias
  • 2020 : À défaut d'une lettre, je t'écris un poème, Jean Verdin Jeudi
  • 2020 : Spirale, Carlos Molière
  • 2020 : Bien mal et mo contraire, Carlos Molière.

Nouvèl

  • 2020 : Kri zantray, Edoualda Blaise, Goldo Dieudonné, Mackendy Osnaq Jacquet
Remove ads

Distenksyon

  • Desanm 2019, Billy Doré, otè de "Mamòte", envite donè 58yèm edisyon Livres en Liberté[7]

Nòt ak referans

Lyen deyò

Loading related searches...

Wikiwand - on

Seamless Wikipedia browsing. On steroids.

Remove ads