Handgod Abraham
powèt ayisyen From Wikipedia, the free encyclopedia
Remove ads
Handgod Abraham, rele tou Sambayo, ki fèt 23 novanm 1986 nan Tigwav (Ayiti), se yon powèt ak operatè kiltirèl ayisyen.
Li se manm fondatè ak prezidan Marathon du Livre.[1] Li se prezidan Wikimedya Ayiti.
Remove ads
Biyografi
Handgod Abraham fèt jou ki 23 novanm 1986 nan vil Tigwav. Se la li grandi epi fè tout etid klasik li tou. Li te fè etid primè li kay Frè. Li fè pati plizyè asosyasyon nan vil la tankou CATDACO ak MOLICAJ.
Pakou akademik
Li fè etid primè li nan Lekòl Nasyonal Frè Sakre Kè yo epi li kòmanse etid segondè li nan kolèj Notre-Dame ak pou li fini Lise Fosten Soulouk nan lane 2006. Li etidye Syans Edikasyon ak Syans Jiridik.
Li kolabore nan aktivite jenès ki fè pwomosyon atistik ak literè nan MOLICAJ (an fransè ː Mouvement littéraire culturel et artistique des jeunes[2]) ak lòt gwoup jèn nan vil Tigwav ak lòt vil Ayiti. Li pibliye deja de (2) rekèy powèm epi li patisipe nan kèk travay kolektif.
Li se direktè egzekitif Edisyon Pulùcia.
Remove ads
Zèv li yo
Pwezi
- 2014 : Tou Limen, Edisyon Choucoune[3]
- 2015 : Au paysage de ma muse, Edisyon Pulùcia[4]
- 2019 : Anba dra, Edisyon Floraison[5]
Zèv kolektif
- 2015 : Anthologie bilingue de la poésie créole haïtienne de 1986 à nos jours, Actes Sud / Atelier Jeudi soir, sous la Direction de Lyonel Trouillot septanm 2015[6]
- 2016 : Paix & Respect à la Première République Noire du Monde, (Hommage aux victimes haïtiennes en République Dominicaine), Regroupement des Poètes Francophones Engagés pour la Liberté et la Paix[7],[8]
- 2017 : Recueil d'Hommage à Raquel Pélissier, 1e Dofin, Miss Univers 2017, anba Direksyon Mireille Bertrand Lhérissons[9]
- 2017 : Écrire pour ne pas oublier anba direksyon Adlyne Bonhomme, edisyon Inferno
Rekonpans
- Dezyèm Loreya "Pri Pwezi Kreyòl Dominique Batraville" 2015[10]
Referans
Lyen deyò
Wikiwand - on
Seamless Wikipedia browsing. On steroids.
Remove ads